Ale dirèk nan kontni an

Kondisyon itilizasyon

Lè ou kreye yon kont sou Sekans Studio, ou aksepte kondisyon sa yo. Yo kout epi onèt; li yo.

Sèvis la

Sekans Studio se yon editè videyo sou entènèt: ou voye yon videyo, platfòm lan pwopoze yon montaj (koupe silans, soutit, son, kadraj), ou revize, epi ou ekspòte rezilta a.

Kont ou

Ou responsab sa k ap pase sou kont ou. Bay yon adrès imèl valid: se pa li nou avèti w lè fichye w yo pral efase.

Kontni ou yo

Videyo w yo rete pwopriyete w, nèt. Ou ban nou sèlman dwa teknik pou trete yo (transkri, monte, rann) pou nou ka ba w sèvis la.

Fòk ou gen dwa sou sa w voye. Pa gen kontni ilegal, pa gen kontni ki vyole dwa lòt moun.

Abònman ak peman

Plan yo mansyèl, faktire pa Stripe, ak kota (kantite videyo pa mwa, dire maksimòm pa videyo). Gen yon esè gratis pou kòmanse.

Pa gen ranbousman: tout peman yo definitif. Ou ka anile nenpòt lè; aksè w rete aktif jiska fen peryòd ou deja peye a, epi yo p ap faktire w ankò apre sa.

Yon kota mansyèl ou pa sèvi pa transfere nan mwa apre a.

Konsèvasyon fichye yo

Sekans se yon zouti travay, pa yon espas stokaj. Videyo ak rann yo efase otomatikman apre yon ti peryòd (kounye a 24 èdtan apre tretman an). Se responsablite w pou telechaje travay ou atan; yon imèl avèti w anvan chak efasman.

Rezilta otomatik yo

Transkripsyon, soutit ak montaj yo jenere otomatikman epi yo ka gen erè, sitou pou kreyòl, kote teknoloji a mwens mi. Editè a la pou ou korije anvan ou pibliye. Ou responsab kontni final ou difize a.

Disponiblite

Sèvis la bay jan l ye a. N ap travay pou l fyab, men nou pa garanti yon disponiblite san entèripsyon, epi fonksyonalite yo ka evolye.

Responsablite

Nan limit lalwa pèmèt, responsablite nou plafone a montan ou peye nou nan twa dènye mwa yo. Nou pa responsab pèt endirèk, sa gen ladan pèt fichye ou pa t telechaje atan.

Sispansyon

Nou ka sispann yon kont ki vyole kondisyon sa yo (kontni ilegal, abi sou sèvis la, fwod nan peman).

Chanjman

Si kondisyon sa yo chanje yon fason enpòtan, n ap avèti w. Kontinye sèvi ak sèvis la vle di ou aksepte nouvo kondisyon yo.

Kontak

Pou nenpòt kesyon: bonjou@sekansstudio.com.

Kondisyon itilizasyon · Sekans